Brèv prezantasyon
Gouvènman Ayiti Lib se non yon regwoupman sitwayen(èn) Ayisyen kap simile yon nouvèl gouvènans pou peyi Dayiti selon yon modèl adapte ak Pèp Ayisyen an. Nou pa rekonèt Ayiti sa a ki la a, se sak fè nou deside dirije yon Ayiti granmoun , endepandan e lib selon jan zansèt nou yo te deside li.
Misyon
Travay nou se oryante pèp Ayisyen sou chemen liberasyon politik, ekonomik ak sosyal li. Nou pa konnen Ayiti kapap anba enflyans okenn nasyon sou latè aprè 1804 jiska jounen jodi a, se sak fè nou menm andedan fratènite sa a, nou pati selon logik ke Ayiti nan lagè, yon gè ke tout nasyon ki responsab deprè oubyen delwen sitiyasyon malouk ke peyi a ak pèp la ap viv nan tan jodi a yo, deklare nou nan objektif pou etèn flanbo diyite ak libete pou tout moun sou latè ke lapwovidans, linivè antye bay Ayiti pote.
Kontèks
Ayiti se yon peyi eksepsyonèl, ki gen yon misyon espesyal pou sove limanite e klere je tout moun kelkeswa kote ou ye sou latè. Esepsyonalism Ayisyèn nan se yon reyalite klè nan je tout moun. Avan revolisyon Ayisyèn nan Limanite tap fonksyone san diyite ak libète pou yon bon pati moun sou latè. Erè ak agareman te twonpe bonsanns anpil moun e fè yo kwè ke yo siperyè lòt moun paske sèlman yon pa gen menm koulè po. Avan menm ke lasyans jwenn kè tout moun nan lemond sòti an Afrik, nou tout gen menm san kelkeswa, koulè po, cheve ak je, zanzèt nou yo te gantant resevwa mesaj sa a e yo te oblije e enpoze lemond antye tande li.
Nan GouvAyitiLib nou konprann byen ke limanite pa jann kanpe nan posesis evolisyon li e chemen sa a gen anpil erè ak aprantisaj ladann men erezman , youn nan pigwo erè limanite, te rive jwenn koreksyon li sou latè dayiti. Erè kite fè kwè ke gen moun pase moun sou latè te kaba lontan deja gras ak misyon espesyal zansèt nou yo te resevwa e transmèt nou a jamè.
Lòd diven
Jodia gen anpil antite tankou legliz katolik ak anpil lòt, ki mande padon e fè meyakoulpa pou move ajisman baze sou linyorans kite redwi yon kantite enpotan moun nan lesklavaj. Malgre tout sa, babari kraze zo souse myèl la kontinye e fenk kare layite kò li sou tout latè e yo konsantre fòs rayisab yo a nan peyi dayiti paske se la a yo Konnen pwojè malefik yo a te jwenn premye bouchon li. Ebyen tout moun ki save ou non konnen byen ke yon misyon rete yon misyon , sa pa konn livre defwa. , sa vle di , misyon Ayiti a toujou la se nou menm pouki reprann dewa ak obligasyon nou genyen pou kontinye klewonnen mesaj diyite ak libète inivèsèl la sou tout latè san distenksyon. Misyon pou blayi diyite ak libète pou tout moun nan pa yon bagay anlè anlè men se pito yon lòd ki sòti nan fondamental sivilizasyon afrikèn yo, premyè sivilizasyon ke latè jannm konnen.
Jodi a babari kwaze pye li sou kou peyi Dayiti kòz konplisite anpil Ayisyen ki kite linyorans fè yo pèdi misyon ke yo genyen. Yo mete ak etranje pou devye destine peyi ak tout pèp la. Ebyen se pou korije deriv sa a ke nou pran pouvwa morał nan peyi Dayiti.
Aksyon
Nou la pou konbat kòz tout vye fòs kap fatige pèp Ayisyen an, tankou :
Anvi pati: Nan ka yon Ayisyen , anvi pati kite peyi a se yon reyaksyon nòmal , se yon santiman dekourajman ki anvayi ou paske anviwonman ayisyen an jodi a pa pèmèt ou konsève lavi nan ou ni nan fanmi ou.
Rayisman pou Vodou: Ki bon Ayisyen ki kapab meprize vodou? Pa gen yon revolisyon sou latè ki pa jwenn sekou zanzèt yo , lespri yo , tout fòs envizib ki nan abite nan espas yo. Zanzèt nou yo pa plis ke lòt gran revolisyonè lemonn Konnen . Nan ka pa nou an Ayiti , Vodou a te pèmèt granparan nou yo te jwennn fòk asistans espri ki nan inivè yo.
Depi nan ginen ti nèg trayi nèg: Se yon vyen pwovèb yon mete nan literati nou pou désolidarise nou , se pa vre. Lemond pa tap konsa si tinèg pat konn renmen tinèg parèy li.
Pitoun lèd nou la: Ekziste san viv sinonim ak viv nan lachte ak endiyite.
Konplèks enferyorite
Rasism ak rayisab
Vizyon
Entansyon’n se rive gen konfyans pèp lakay nou. Ede kominote yo devlope tèt yo , Pèmèt yo panse e aji byen yon fason otonòm atravè yon seri aktivite sosyal pwop pou ede yo viv nòmal e byen.
Kontèks
Ayiti se yon peyi eksepsyonèl, ki gen yon misyon espesyal pou sove limanite e klere je tout moun kelkeswa kote ou ye sou latè. Esepsyonalism Ayisyèn nan se yon reyalite klè nan je tout moun. Avan revolisyon Ayisyèn nan Limanite tap fonksyone san diyite ak libète pou yon bon pati moun sou latè. Erè ak agareman te twonpe bonsanns anpil moun e fè yo kwè ke yo siperyè lòt moun paske sèlman yon pa gen menm koulè po. Avan menm ke lasyans jwenn kè tout moun nan lemond sòti an Afrik, nou tout gen menm san kelkeswa, koulè po, cheve ak je, zanzèt nou yo te gantant resevwa mesaj sa a e yo te oblije e enpoze lemond antye tande li.
Nan GouvAyitiLib nou konprann byen ke limanite pa jann kanpe nan posesis evolisyon li e chemen sa a gen anpil erè ak aprantisaj ladann men erezman , youn nan pigwo erè limanite, te rive jwenn koreksyon li sou latè dayiti. Erè kite fè kwè ke gen moun pase moun sou latè te kaba lontan deja gras ak misyon espesyal zansèt nou yo te resevwa e transmèt nou a jamè.
Lòd Divin
Jodia gen anpil antite tankou legliz katolik ak anpil lòt, ki mande padon e fè meyakoulpa pou move ajisman baze sou linyorans kite redwi yon kantite enpotan moun nan lesklavaj. Malgre tout sa, babari kraze zo souse myèl la kontinye e fenk kare layite kò li sou tout latè e yo konsantre fòs rayisab yo a nan peyi dayiti paske se la a yo Konnen pwojè malefik yo a te jwenn premye bouchon li. Ebyen tout moun ki save ou non konnen byen ke yon misyon rete yon misyon , sa pa konn livre defwa. , sa vle di , misyon Ayiti a toujou la se nou menm pouki reprann dewa ak obligasyon nou genyen pou kontinye klewonnen mesaj diyite ak libète inivèsèl la sou tout latè san distenksyon. Misyon pou blayi diyite ak libète pou tout moun nan pa yon bagay anlè anlè men se pito yon lòd ki sòti nan fondamental sivilizasyon afrikèn yo, premyè sivilizasyon ke latè jannm konnen.
Jodi a babari kwaze pye li sou kou peyi Dayiti kòz konplisite anpil Ayisyen ki kite linyorans fè yo pèdi misyon ke yo genyen. Yo mete ak etranje pou devye destine peyi ak tout pèp la. Ebyen se pou korije deriv sa a ke nou pran pouvwa morał nan peyi Dayiti.
Misyon
Travay nou se oryante pèp Ayisyen sou chemen liberasyon politik, ekonomik ak sosyal li. Nou pa konnen Ayiti kapap anba enflyans okenn nasyon sou latè aprè 1804 jiska jounen jodi a, se sak fè nou menm andedan fratènite sa a, nou pati selon logik ke Ayiti nan lagè, yon gè ke tout nasyon ki responsab deprè oubyen delwen sitiyasyon malouk ke peyi a ak pèp la ap viv nan tan jodi a yo, deklare nou nan objektif pou etèn flanbo diyite ak libete pou tout moun sou latè ke lapwovidans, linivè antye bay Ayiti pote.
Vizyon
Entansyon’n se rive gen konfyans pèp lakay nou. Ede kominote yo devlope tèt yo , Pèmèt yo panse e aji byen yon fason otonòm atravè yon seri aktivite sosyal pwop pou ede yo viv nòmal e byen.
Direksyon / Aksyon / Deba
Nou la pou konbat kòz tout vye fòs kap fatige pèp Ayisyen an, tankou :
Gè kont vodou a : Ayiti se yon teren batay sanglan kote Krityanism ap kwaze lepe ak Vodou, men prèske pèsonn pa rann yo kont reyalite sa a.
Anvi pati: Nan ka yon Ayisyen , anvi pati kite peyi a se yon reyaksyon nòmal , se yon santiman dekourajman ki anvayi ou paske anviwonman ayisyen an jodi a pa pèmèt ou konsève lavi nan ou ni nan fanmi ou. Men èske li nòmal pou sèlman yon pèp se pati kite peyi li ? Èske nou pa nan yon gè san deklare?
Rayisman pou Vodou: Ki bon Ayisyen ki kapab meprize vodou? Pa gen yon revolisyon sou latè ki pa jwenn sekou zanzèt yo , lespri yo , tout fòs envizib ki nan abite nan espas yo. Zanzèt nou yo pa plis ke lòt gran revolisyonè lemonn Konnen . Nan ka pa nou an Ayiti , Vodou a te pèmèt granparan nou yo te jwennn fòk asistans espri ki nan inivè yo.
Depi nan ginen ti nèg trayi nèg: Se yon vyen pwovèb yon mete nan literati nou pou désolidarise nou , se pa vre. Lemond pa tap konsa si tinèg pat konn renmen tinèg parèy li.
Pitoun lèd nou la: Ekziste san viv sinonim ak viv nan lachte ak endiyite.
Fo cheve: Ayiti nou sitou itlize fo cheve pou kache vrè idantite nou, nou wont rete nou menm. Poukisa e ki kote sa sòti ?
Restavèk: Anpil timoun an Ayiti ap travay kay yon granmoun san kontra ni salè
Lagè biyolojik: Kote kochon kreyòl nou an, kote malanga, pitimi, ak tout lòt manje kreyòl ki paka pouse nan tè peyi a ankò yo.
Dyaspora Ayisyen an: Eske dyaspora Ayisyen ta dwe kontinye ap voye kòb Ayiti? Dyaspora Ayisyen an pwogresist?
